Bliye sa-Waahli

Bliye sa

歌手:Waahli

专辑:Bliye sa

时间:2020-07-10

    使用手机浏览器「扫一扫」

    在手机上保存,获得更好体验

标签
歌词

Bliye Sa

Verse#1

Nou gen wa, nou gen ren nou fò, nou gen pouvwa /

Se pou sa, yo te mande m ' ki jan nou pa ka chita /

Se met ko, ki veille ko, gen moun ki pale twòp,

se pa yo ki gade , lang yo, on ti jan pwòp /

pa enkyete, lap tounen, eksperyans lan li bezwen

Bouche nen ou, pou ka bwè, mem si dlo an senti /

zwazo li fè nich li, kay li te kite’l

ou kre li te pèdi, men non mon che men li /

Piti piti pa kouri, ou se rich malere /

nou ka rèdi, tankou frèdi, gade gade nou fek rive /

piti tig se tig, nou gen travay pou nou fè /

nou pa gen fatig, bagay sa li pi gwo pase ou

Santi bon koute che, yap touche salè /

gen le e sa mwen pa konnen, yo te dim lot jou

Gen yo ki kon kouri, e yo pa kon kache /

me lè mare a ap monte, nou we sa ka naje /

Refrain:

Yo pa vle pou nou di ‘n te la

Me jodi yo met bliye sa x 4

Verse#2

An mnet rad sou nou, nou pral soti aswè /

lan nwit lanjèn, li semble li pap tounen granmoun /

gade, gen moun chak jou, ap pouse style sou nou /

jodia nou fre, nou bat fe tankou se kalalou /

Mwen te fon on rèv, nou tout bezwen tande li /

Mwen te gon malet, mwen t ap mache deyò, on moun mande’m /

An pran pose popo, m’gade m’ reponn /

se on dosye ki rele 1804 /

Semble yo fou, yo pa bwè, yo vle pou’m bliye,gen le yo sou/

Map fè’o tounen lakay, gaye ou pa gen kou /

gade jan nou lage sou nou

an selebre tankou nou fin manje on soup joumou /

Refrain:

Yo pa vle pou nou di ‘n te la

Me jodi yo met bliye sa x 4

Verse#3

Leve ______Rele /

gade ki jan nou kon fwette /

Devan ________ Deye /

Si ou an vi, mete men’u an le X2

Fon gade deye, pou n’bouje devan

gade timoun yap grandi, fo kite’l pale /

Fon gade deye, pou n’bouje devan

pa pouse’l a mon che, on jou nou pral rive

Gade moun yo di yo la / E menti yap bay kounya /

Sa fe date mon che nou la, e nou pap bouje e saaa./

Refrain:

Yo pa vle pou nou di ‘n te la

Me jodi yo met bliye sa x 4

展开显示全部歌词