Nou ka-Zin

Nou ka

歌手:Zin

专辑:Pi Red

时间:2013-07-29

    使用手机浏览器「扫一扫」

    在手机上保存,获得更好体验

标签
歌词

Nou ka - Zin

Written by:Zin

Pa femen je'w sou li pa vire do'w bali

Pa dil fini pa panse ke se yon ka pèdi

Non li se Ayiti sinyati li se cheri

Ayiti cheri nou ka fe'l tounen paradi

Nou ka

Nou ka sove li

Nou ka

Nou ka fè'l fleri

Nou ka

Nou ka fè'l mache

Si nou pote kole e

Nou ka

Nou ka pwogrese

Nou ka

Nou ka organize

Nou ka

Nou ka devlope'l si nou chanje mantalite

Fèmen je'w pou sonje

Jan Ayiti te chaje

Ak plezi

Tout moun te rele'l

La Perle des Antilles

Se li ki te pi bèl

Se li ki te gen pi bèl syèl

Ak solèy

Si nou vle nou ka met Ayiti sou pye

Nou ka

Nou ka sove li

Nou ka

Nou ka fè'l fleri

Nou ka

Nou ka fè'l Mache

Si nou pote kole e

Nou ka

Nou ka pwogrese

Nou ka

Nou ka organize

Nou ka

Nou ka devlope'l si nou chanje mantalite

Paka rete chita

Gade peyi nou ki kaba

Depi genyen la vi genyen lespwa

Pote kole

Pote kole oganize

Se sak pou fel mache

Si nou tout kanpe

Nou ka fè move tan ale

Soley gen pou'l klere

Kite peyi a vanse

Vanse pi lwen

Woy Ak tou sak vle

Tout vakabon kap eseye frennen'l

Rale kòw ban'n pase

Kite peyi a vanse

Vanse pi lwen

Woy Ak tou sak vle

Tout vakabon kap eseye frennen'l

Rale kòw ban'n pase

Ayiti ka gueri fo'n pa kite'l mouri

Si nou se bon zanfan

Se pou nou soulaje manman

Menm si nou san lajan

Nou toujou gen bon jan

Ansanm nap men nan men

Poun pa kite peyi'n fennen

Kite peyi a vanse

Vanse pi lwen

Woy Ak tou sak vle

Tout vakabon kap eseye frennen'l

Rale kòw ban'n pase

Kite peyi a vanse

Vanse pi lwen

Woy Ak tou sak vle

Tout vakabon kap eseye frennen'l

Rale kòw ban'n pase

Woy woy woy

Ai ate

Woy

Nou ka

Se nou Ayisyen

Nou ka

Ki pou met men nan men

Nou ka

Nap pòte kole

Nou ka

Pou peyi'n devlope

Nou ka

Nou ka kanpe

Nou ka

Kraze move lide

Nou ka

Pote limyè lespwa

Nou ka

Pou nou soti nan fè nwa

Woy woy

Ole kaw

Ole kaw

Woy

Nou ka

Se nou Ayisyen

Nou ka

Ki pou met men nan men

Nou ka

Nap pòte kole

Nou ka

Pou peyi'n devlope

Nou ka

Nou ka kanpe

Nou ka

Kraze move lide

Nou ka

Pote limyè lespwa

Nou ka

Pou nou soti nan fè nwa

展开显示全部歌词