M'ap Ret ak tèt mwen (Misyon Akonpli)-Christie Music

M'ap Ret ak tèt mwen (Misyon Akonpli)

时间:2026-11-11

    使用手机浏览器「扫一扫」

    在手机上保存,获得更好体验

标签
猜你喜欢的歌曲
歌词

Apiye sou yon bra ki pa solid se tankou nan dezè Sahara ki san dlo

Kwè nan moun ki kwè nan yon lòt, s'on istwa vrè ou fo

Ret viv prè yon moun ki ap viv lwen ou se entènèt san Google

Sa k nan kè yanm pou tout sa k konnen l son kouto

Ou pito defisi mwen pou benefis yo, ou o o

Ou pito banm refi mwen pou w ba yo viza yo

M pap janm vle vi sa

Mete'm chita, palavè'm

Ou ka blese'm, menm pap mouri

Si ou pa avè'm, non non non

Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)

Mwen pa bezwen yon kouto de bò

(M ap rete ak tèt mwen, cheri)

Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

M ta pito ret soufri pou m kenbe respè'm

Si m te konnen, m pa t'ap janm ba'w GPS kè'm, ou o o o

M tap ba'w yon move adrès lè sa w tap pèdi

Wout bonè'm, ou te vle met pikan detrès

Ou jwe ou pa ganye, je w pa kale

Pou wè modèl moun sa ou genyen, ou vle kite'l ale

Ou jwe ou pa ganye, monchè ou pa kare

Ou tap gen tan di'm sa

Se wè'w tap wè do m ap pase, we e ee

Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)

Mwen pa bezwen yon kouto de bò

(M ap rete ak tèt mwen, cheri)

Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

Nou konn kiyès ki la?

Chris _ Chris ! Christie Music.

Pase'm ret ap swiv ou

M pito swiv lonbraj mwen

Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs

M ap ret viv nan kaj mwen

Nivo m renmen tèt mwen depase simbi

Rezon lavi, pral fè w wè

Siksè'm nan chak ekriti

Pase'm ret ap swiv ou

M pito swiv lonbraj mwen

Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs

M ap ret viv nan kaj mwen

Nivo m renmen tèt mwen depase simbi

Rezon lavi, pral fè w wè

Siksè'm nan chak ekriti

Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri)

Mwen pa bezwen yon kouto de bò

(M ap rete ak tèt mwen, cheri)

Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)

展开显示全部歌词