
在手机上保存,获得更好体验
Intro
Fyète m se drapo’m
Ayisyanite m anba po’m
Verse 1
Drapo’m nan se koulè san’n ki te koule pou libète
Koulè po’m yo pat vle wè kòmkwa mwen te yon moun dane
Drapo’m nan se pa t fasil si ou wè jodi a l egziste
Granparan’n ki te kanpe fas ak pi gwo lame alepòk
Drapo’m nan reprezante chanjman listwa limanite
Se yon bagay dwòl, ou ka wè l senp poutan l ekstrèmman konplike
Drapo’m nan se li k ap lye Amerik ak lemonn antye
Ayisyen yo pa t aksepte pou moun esklav okenn kote
Drapo’m nan soti nan pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo ki te sakrifye yo pou nou ka libere
Se pa yon fab, se pa yon woman non plis, se pa yon kont de fée
Se premye fwa sa te rive, se mond lan ki t apral chanje
Chorus
Drapo’m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle, vrè koulè l pap chanje
(Vrè koulè l pap chanje)
Ble e wouj la se fyète mwen
(Fyète mwen)
Mèt fè sa ou vle, l ap rete kole anba po mwen
Drapo a pa ka konprann ke jodi a nou divize
Deviz nou “L’union fait la force”
Men malgre sa, nou gen prejije
Plizyè tribi ini fòs yo pou libere tout yon ras
Poutan nou menm kòm desandan, nou separe tèt nou an klas
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete
Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou wè ke nou pa sanble
Drapo’m nan, li lè li tan pou reprann plas ou te genyen
Menm jan l te ye nan tan lontan pou Dahomey ak nèg Ginen
Drapo’m nan tankou solèy yo te panse ki pa t ap janm briye
Li raple ke mond jodi a se Vertières li te kòmanse
Drapo’m nan, pa enkyete w menm si ou ta wè defwa ou blaze
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè ke ou merite
Drapo’m se tankou cheve mwen
(Cheve mwen)
Mèt ba l koulè mwen vle, vrè koulè w pap chanje
(Non, li pap chanje)
Ble e wouj la se fyète mwen
(Fyète mwen)
Mèt fè sa ou vle, l ap rete kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Bridge
Yon jou l gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye
Y ap ba w respè ou merite
Y ap wè ou tankou yon vrè senbòl libète
Drapo’m se tankou cheve mwen
Se tankou cheve mwen)
Mèt ba l koulè mwen vle, vrè koulè w pap chanje
Koulè l pap chanje
Ble e wouj la se fyète mwen
(Li se fyète mwen)
Mèt fè sa ou vle, l ap rete kole anba po mwen
(L ap rete kole, kole la)
(Anba po, anba po mwen)
Li kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Ble e wouj la se fyète mwen
Kole anba po mwen